Tou Nouvo Tou Bo

Tou nouvo tou bo (4 fois)
Konsa'l p,se se konsa li fonksyone
Li pa negosye nouvote'l
Jete vye chodye pou chodye nef
Li di fo'l toujou nef
Li di fo'l toujou up to date...

Se konsa sa te pase
Pi rapid ke'm te panse
Nouvote pa etenel
Anvan'w bat je'w le pa'w rive...

Dyole'm fe'm te bon chase
Jodia'm tounen'w jibye
San rezon yo revoke'm
Men'm preyavi yo pa peye'm

Tou nouvo to bo (4 fwa)
Se sel rezon ki ta ka eksplike'm
Ka eksplike'm ke tou dousman yo depoze'm
Mande'l pouki sa lap fem sa
Li deklare'm fo'l toujou up to date

Se konsa...Se konsa...
Fo'l fe akyalite
Le'l bezwen libete'l
Li deklare'm, m'ekspire, mwen blaze, mwen perime...

Fanm sa'a pa jwe
Son'w asasen li ye
Sel bagay li bliye,

Se sa lavi, jou ve jou vyen
Ko maskilen, ko feminen
Youn jou, han! Youn jou wa va anba
Li pat jan'm panse, youn jou tap rive
L vi'l tap chavire
Nouvote a ale, retounen sou do pye'm
Mwen di mwen pap pran pitye.

Sesi sela, patati patata...




David Dupoux
-----------------
 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved