Destin

Bonjour...la loi d'la vie

Piga youn moun panse
Ke'w ka fe sa ou vle
An verite se pa sa'l ye
Tout sa ou ta swete
Se pa janm li ki rive
Men se konsa lavi a ye
Ou we jodi
Men ou pap jan'm kon'n demen aksepte'l jan'l vini, se destine...

Desten toujou trase youn chemen
Ke'w pa janm rive detounen, rive detounen,
Tou sa youn moun pra'l fe li konnen
Se li'k pou di'w si se sa pou fe, si se sa pou fe.

Fok ou chita reflechi
Ak sa lavi pote
Tout difikilte
Pou pa di si'w te konnen...

Patizan...what's up?

Ti mesye, an ale, la loi d'la vie:

Reg#1...Kwe nan neg anle a!
Reg#2...Pa pale sa'w pa konnen!
Reg#3...Travay pou rive!
Reg#4...Respekte tout moun, pa janm pe pesonn!

Se konsa pou panse, oh!
Konsa pou aji, oh! (Bis)

Men zanmi fok ou reflechi
Reflechi byen avan ou aji
Lavi a son'w boul kap roule
Ou pa janm konnen kote'l prale...

Reg#1...Kwe nan neg anle a!
Reg#2...Pa pale sa'w pa konnen!
Reg#3...Travay pou rive!
Reg#4...Respekte tout moun, pa janm pe pesonn!

Se konsa pou panse, oh!
Konsa pou aji, oh! (Bis)

Men zanmi fok ou reflechi
Reflechi byen avan ou aji
Lavi a son'w boul kap roule
Ou pa janm konnen kote'l prale..

Mezanmi, fo'w pa pedi ta'w, peseverance se youn kalite,
Si'w vle rive, fio'w pran kouraj, Degaje'w, Demele'w!






Stanley Herisse
-------------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved