Ki Mele'm

kondisyon te fin pase;
se ou menm ki te deside'l;
pou'w mennen vi ou jan ou vle
san pesonn pa fe'w la lwa;
abandone yon fakilte;
paske'w pat kwe nan neg kiltive
vi'w se poun ou, fe sa ou vle;
se sa'w chwazi pou'w fe chimen'w;
ti mal lavi a pa fasil;
bagay yo vin pi difisil;
nan chache pase pi wo;
avan'w bat je'w tonbe nan dlo;
si'w gen zorey se pou tande
chimen limye m'vin ofri'w;
aprann jodi manje demen;
se reg jwet la respekte'l

Refrain

m'mande sak pase
ki dezod ki gen nan kay la;
m'amnde sak rive
ki dezod ki gen an kay la;
well a l'instant meme;

David te vle pale ave'w,
ou di "kimele'm"
loulou te vle bo'w konsey,
ou di "kimele'm"
stanley te vle eksplike'w ou,
ou di "kimele'm"
ton jeff te vle bo'w egzanp,
ou di "kimele'm", "kimele'm", kimele'm" aaa!!!


Joseph Zenny
----------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved