Kite'm Jwe Konpa


Lavi sa-a pa mande meznmi
Pou yon moun “tro prese”
Gen de fwa lo wal tro vit
Li vle frenen'w “se konsa'l ye”
Si se desten'w ki vle'l konsa
Kite'l mennen “jan li vle”
Paske se ladan'n wa pase “vle pa vle”
Mwen vle pase pala
Pou'm Rakonte'n kijan'n te komanse
Se yon ti plezi n'tap pran
Nou pat vize pou'n te mizisien
Kounyena David ap jwe
Stanley ap mate
Loulou ape depose
Mwen men'm mape chante
Gade nou “kite'm jwe konpa”.

Kite nou jwe konpa
Se ladan'l nou leve
Se li you reklame
Nou menm nou pap kanpe
Kite nou jwe konpa
Se sa moun yo mande
Depi konpa sa tombe
Moun yo chofe, yo pran rele
Chofe, Jazz la chofe
Chofe, Jazz la chofe (bis)

Men konpa Konpa Kreyol la (bis)




Lohfman Jean
---------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved