Malere K'ap Trip

Vye fre fo'w pa blofe
Ou konnen w' son malere
Lavi pa mande sa
Fow' kon mezi pye'w

Wap mache di'w gen machin
Met machin la ap pale anpil
Ou di'w son jenjan nomal
Tout sak sou ou krizokal

Dyole se pa sa ki bay
Mache frite olye'w chache travay
Avni'w san sans pap pran konsyans
Pa vle koute, wap chache plezi

Refrain

Gade'w malere kap trip,
kap trip, kap trip
Konkou you gran neg kap trip
Kap trip, kap trip

Gade'w malere kap trip
Kap trip, kap trip
Li pa gen senk kob kap trip,
Kap trip, sou konpa




Stanley Herisse
------------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved