Li Pa Vini

Cherie, cherie poko panike
fon reflechi pou n konn sa n pral fe
situation an komplike
en verite anmwey moin ta rele
piga w crier an nou prier
minm si 2 pie n pran nan on sel soulie
tout sa nou fe bagay la pa vini
alors pito ede m kontrole

premie semaine li pa vini
deuxieme semaine li pa vini
troisieme semaine li pa vini
kapab se stress yon ti kole
on emotion
nap tann toujou

alors cheri on a pas le choix non la
je vais appeler un ami
oh non non non poko ka pale
mpa janm konnin nouvel ka gaye
nou poko minm konn si se vre
docte a sel ki ka verifie
pa fe kole dim ou pa prale
wap fe m santi se sa w tap chercher
e pa pale m de responsabilite moin paske se zak nou tou les de

ah pou 4 wi la
5eme semaine li pa vini
6eme semaine li pa vini
map reflechi mpaka domi non
ou pat pare moin pat pare
pa le momen pou pitit tonbe
min nou te fou
n te tro damou pou nou te pran ti precotion
ki sa n pral di
ki sa n pral fe
avni nou pa merite sa
momen foli koute n la vie
alo nap rekolte sa nou seme
recolter sa nou semer

7eme semaine li pa vini
8tieme semaine li pa vini
9eme semaine li pa vivi
wi fout

fiancaille, mariage
sa pou Jeff fe
min moun nan se moun moun nan li ye

woy
azitibidip bip bip
woy woy woy
kase kase kase
pow pow pow

sa ki rive la bip bip
ke moin sou bisket bip bip
resulta mape ret tann bip bip
positif ou negatif
ke moin bat anba pla pie
chak foi telephone sonner
moin konprann
ke se parent kape mande m ki intantion m
sa ki rive la
- allo
c'est le docteur charles Nathan
il n'y a pas du de s'inquieter
car le test est negatif


 

David Dupoux
------------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved