Sove Mwen

Depi'l antre nan vi'l
Ekziztans li transfome
Li pa men'm aveti'l
An silans li propaje.

E si li ta vle kite'l
De pye'l te gen tan mare
E si li ta vle sove
Li te deja kondane...(San'l pat konnen)

Sak ta di li vi li
Se li ki tap chanje'l
Li pa te reflechi
Kijan'l fe pat pwoteje.

Li panse'l tap epanye
Li pa tap jan'm imajine
Ke youn fwa tap ase
Pou maladi a ta pase.

REFRAIN: Sove mwen (4 fwa)

Dan la vi
Gen de bagay ou pa ka chanje
Men'm si ou vle
Woblije,
Aksepte pou aksepte'l

Pa vire do'w bay fanmi
Pa vire do'w bay zanmi
Pa vire do'w bay lavi
Li pa fini, li pa fini.

Fo ou pa santi'w diminye
Paske lavi' pa kanpe, vle pa vle
Fo'w pa santi'w meprize (yo toujou renmen'w)
Lavi'w ap kontinye.

REFRAIN: Sove mwen (4 fwa).




David Dupoux
-----------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved