Sak Te Gen Tan Gen La-a

Yo anonse gen yon tampet
Ak move van ki pral vini
Son previzyon se pa yon pretansyon
Piga mande sa map di la
Ouve radio limen televizyon
Fok nou branche fok n'enforme
Yo mem bal non Konpa Kreyol
Gen moun'n ki di yo we'll rive

Ou menm kape palel mal “wan danje”
Ou menm kape kritike'l “wan danje”
Ou menm kape pwofane “wan danje”
Chache kote'w kache
Paske kole li pa piti

Yo anonse gen yon tampet
Ak move van ki pral vini
Yon move van ki pote yon mesaj
Pou netwaye tout vye panse
La va pote lanmou la va preche la pe
La retire nou nan ere
Fanatik pral gueri ipokrit pral sezi
Sa ki kapab kouri konveti

En 4-4-2 nou debake nan sud
Nou mete lod nan dezod
Ref:”yo konveti”

En 5-3-2 debake nan No
Manifestation nan la ri
Ref:”yo konveti”

Tout kote non pase
Se tout moun ki sezi yape mande

1 “sak te gen tan gen la”
Konpa kreyol ki debake nan peyi-a
2 “sak te gen tan gen la”
Timoun, granmoun ape mande
Sak te gen tan gen la
3 “sak te gen tan gen la”
Gen sak sezi kape chache
Kote pou kache la
4 “sak te gen tan gen la”
“Tout moun ate plat” wooy
Sak te gen tan gen la


Joseph Zenny
-----------------

 
     
Title:
Type Lyric:
Konpa Mix™ Lyrics Search
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
Text to Search For:
 

Boolean:

Case:  
 
© 2000-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right Reserved