Big Boss
Mwen ak menaj mwen t'ap byen mennen
tout la fanmiy te apresye'm
mwen te konprann mwen te an sekurite
M' te fe pwoje pou'm t'al marye
Gen yon big boss ki debake papye tonbe loloj viree
de twa semen pa men'm pase
Men'm chen nan kay la pa vle wem
Desepsyon, move jan fe'm paka pale
(Chorus) Bagay yo change
Chak fwa le'm telepone yo rakwoche sou mwen
(Chorus) bagay yo change
Desepsyon ak remo cheri fe'm paka pale
(chorus) Bagay yo change
Chak fwa le'm telepone yo rakwoche sou mwen
(chorus) Bagay yo change
Manman menaj mwen deklare
son moun konsa li t'ap cheche
fo'k mwen konprann lavi a du
mwen paka kite chans sa ale
M' mande menaj mwen sa'l panse
Li fe'm konnen se mwen'l renmen
ak tout presyon paran'l ap fe'l subi
Li oblije fe sa yo vle.
Desepsyon, move jan fe'm paka pale
(Chorus) Bagay yo change
Chak fwa le'm telepone yo rakwoche sou mwen
(Chorus) bagay yo change
Desepsyon ak remo cheri fe'm paka pale
(chorus) Bagay yo change
Chak fwa le'm telepone yo rakwoche sou mwen
(chorus) Bagay yo change
M'ap kite fanm nan
(chorus) san kriye
M'ap kite fanm nan
(chorus) san rele
Men big boss la debake li mete tout kay la
(chorus) Opa
Lwaye kay poum peye
(chorus) Opa
Kat selile pou'm achte
(chorus) Opa
Pa gen kesyon de bon jenjan anko
Fo'k mwen depanse
(chorus) Opa
Big boss la bay lajan
(chorus) Opa
Big boss la bay oto
(chorus) Opa
Men yon mwa ekaolaj m' paka peye
Yo oblije mete'm deyo
M'ap kite fanm nan
(chorus) san kriye
M'ap kite fanm nan
(chorus) san rele
Men big boss la debake li mete tout kay la
(chorus) Opa
--------
|