Tchelele

Babe, pa koute moun k'ap pale
Cheri an n'ale tvhelele

M'di w tout sa pou m' te di w
M'eksprime w sa m' santi
Nan fon je w mwen li tout istwa w
Si w gad na pa m' ou a we eta m'
Cheri, fo n' deside n' met deyo tout verite
Pase m' bouke, m'bouke fe seman
Ape koute tout malpalan

Se ou m'vle, ou m'toujou vle, pa kite m'deraye
Kenben m'la byen sere, pou jouk soley leve
Se ou m'vle, ou m'toujou vle, an n'al tchelele
Jodia cheri, mwen sanle gaye An n'al tchelele
Pa koute sa mounyo ape rakonte An n'al tchelel

An n'ale An n'ale An n'ale

Doudou, an nou travese dlo
Kite pwoblem yo deye do n'
Pouki n'ap fe tolalito
Kite lanmou sa a vole pi wo
Cheri, m'bouke fe jwet lago
Pouki rtezon n'an 2 moso
Tanpri ban m' tet ou kom kado
Fe mwen rele Ayibobo

An n'ale, an n'al djaye
An n'ale, an n'al sote, ponpe, danse
An n'ale, kite m' mennen w'ale
An n'ale, an n'al an nou rapouswiv
Chimen santiman n'

Fo w vag sou yo, pa koute yo,
Menmsi w tande yo di

Menmsi jouda y'ap pale n' mal
Pa koute moun k'ap pale
Menmsi soley pedi konpa l'
Cheri an n'al tchelele
Menmsi lalin gen tet bika
Pa koute moun k'ap pale
An n'al tchelele jodia
Cheri, an n'al tchelele

An n'al danse san rete
An n'al chante net ale,
An n'al love Pa koute moun k'ap pale

An n'al tchelelen an n'ale chache
Kibo dlo sous renmen koule
An n'al tchelele, an n'al gade
Kouman soley aprann leve


Alan Cavé
--------------

 
         
 
Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved