Men Mwen

Ou te di mwen ou renmen mwen
Te di m' ou vle mwen pou lavi
Te di m' san mwen wa va mouri
Mwen pat vle kwè

Ou te di m' Lo ou we m', mwen fè ou souri
Ou te di m' kote m', doulè ou fini
Kelkelanswa tout sa ou te di, Di mwen non cheri
Mwen pat vle kwè

Men mwen, men mwen
Men mwen cheri

Si ou te wè mwen endesi, mwen endesi
Se reflechi mwen t'ap reflechi
M'pat vle damou ou pou granmesi
Mwen pat vle kwè
M'pat vle kouri pat vle kouri di wi
Epi pou sa ta mal fini
Kounyea m'pare pou ou cheri
Kounyea mwen kwè

Men mwen, men mwen cheri, men mwen
Men mwen amour, men mwen cheri
Jodia m'vle konnen ou
Pare pou mwen renmenm ou
Ban m'men w pou fè m' sonje
Douse ki nan lanmou
Jodia m'vle w ti chou
Pare pou nou damou

Mwen mwen bwat sekrè m'
Kase l' pran tout kè m' pran tout kò m'
Jou sa a resi rive
Babe Babe I'm here to stay
Vin blayi kè ou so kè m'
Vin soude kò ou ak kò mwen

Jou sa resi rive
Ou kwè se vre?
Ko m' ak kò ou ak rankontre
Rele ponpye
Jou sa resi rive
Kounyea mwen kwè
Jou sa resi rive

Babe Babe I'm here to stay
Vin blayi kè ou sou ke mwen
Vin soude kò ou sou kò mwen
Jou sa resi rive
Kounyea m'kwè
Jou sa resi rive
Kounyea mwen kwè
Gade kijan mwen kwè
Kounyea mwen kwè
Mwen kwè, kounyea m'kwè
Jou sa resi rive
Kounyea mwen kwè
Gade kijan mwen kwè
Kounyea mwen kwè
Jou sa a resi rive, kounyea mwen kwè

 

 

Alan Cavé
-------------

 
         
 
Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved