Malere

Gade kijan n'pran nan jwèt meli-melo
N'konprann se gwonèg ka va mennen n' pi wo
Pouki rezon n'ap pran pòz awoyo
Yon ti moso lavi pou n' bay timoun yo

Jodia li lè li tan pou n' sispan manje month
Montre lòt pep yo n' gen kichoy nan sèvo
Denounse zenglendo, denonse kraze zo
An nou youn sispann bay lòt kout kouto nan do

Malere O! Gad jan nou malere
N'ap mache bwete poutan janm nou pa kase
Malere O! Gad jan nou malere
Bon voulwa ka fè nou soti nan dezawa
Yon ti rega a goch, yon ti rega a dwat

Gad kijan nou nan traka
Gad kijan nou nan traka

Nou tout nou malere
Nou pran poz nou pa wè O
Nou tout nou malere

Nou tout nou malere
Nou refize tande O

Nou tout nou malere
Nou pran poz nou pa wè O
Nou tout nou malere

Gad kijan nou nan traka
Gad kijan nou nan traka

An n'ale, an n' anvanse, fòk sa chanje
Kisa n'ap fe pou sa chanje
An n'ale...An n'ale tande
An n'avanse...Avanse, mache
Fòk sa chanje...Fòk sa chanje
An n'ale...An n'ale
An n'avanse...An n'avanse
Fòk sa chanje...Fòk sa chanje

An ye o, an n'fe yon jan pou n'lage peyi a
Pou kapwa Lamò pa mouri anven
An n' wete kò nou nan sen denden
An ye o, an n'fe yon jan pou n' lage peyi a
Lage lage lage, peyi a souple
An ye o, n' fe yon jan pou n' lage peyi a
Lage'l lage'l kite'l mache

An n'ale...An n'ale
An n'avanse...Avanse
Fòk sa chanje...an n' fe'l mache vye frè
An n fe'l bouje
An n'ale...An n'ale
An n'avanse...Avanse
Fòk sa chanje...Fè'l bouje

 

 

Alan Cavé
------------

 
         
 
Title:
Type Lyric:
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
© 1999-2008 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved