Banmwen Lanmou

Cheri mwen semante
Pou mwen renmen ou pou letenite
Mwen jire pou m danou ou
Toulejou
Cheri pake se ou m vle
Lanmou m pou ou telman fo
Cheri mwen pa p janm fe w to
Doule ke ou
Se doule ke mwen tou
Le nou ^uri n ale
Se pou moun di se vre
Lanmou nou se
Pi bel lanmou k te ekziste

Banmwen lanmou w doudou
Banwen lanmou
Konnen se ou mwen damou pou toujou

Menm si mwen pa zwazo
Le ou la m genzel nan do
M santi m anvi vole
Jouk na syel nou rive
Fanm mwen fanm karamel
Pou mwen se ou k pi bel
Chale ou natirel
Cheri ou dous dous kou myel

Banmwen lanmou w doudodu
Banmwen lanmou
Konnen se ou
Mwen damou pou toujou

Kou (y)on peyi san soley
LE ou pa la m nan fe nwa
M santi mwen tet anba
Se ke mwen ki andy
Ave ou cheri m nan syel
Kares ou dousi ke m
Tankou nan (y)on bel powem
Lanmou nou etenel

Banmwen lanmou w doudou
Banmwen lanmou
Konnen se ou
Mwen damou pou toujou
Ou se sel gout dlo nan sous mwen
Ou se sel pwason lanme mwen
Ou se sel zetwal nan syel mwen
Ou se sel soley planet mwen
Ou se sel fanm nan vi mwen
Ou se sel fanm nan ke mwen
Ou se sel fanm pou mwen
Se ou cheri mwen renmen

(Banmwen lanmou w doudou)

 

Pierre-Michel Theodat
Eddy Saint-Vil
---------------------------

 
         
 
Title:
Type Lyric:
 
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
 
© 1999-2007 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved