Amokilele

Oweyo oweyo Ou fe m'rele Oweyo oweyo Ou fe m' depale.

Sou chimen kè ou.
Se la m'konnen mwen jwen bone
Le m'bò kote ou
Tout lavi mwen chanje koulè.
M'renmen douse bra ou toutotou mwen
M'renmen maji vea ou le ou ap chante

Oweyo oweyo Ou fè m'rele Oweyo oweyo Ou fè m' depale.

You're my lady, my sweet baby
Mon amour infini
Kò mwen pati, Nanm mwen flebli
Le ou pa la ti cheri
M'renmen douse bra ou toutotou mwen
M'renmen maji vwa ou lè ou ap chante

Ou pote m'ale nèt ale
Cheri ou pote m'ale.
Yeyeye yeah!

Cheri ou fè m' vwayaje
Pi wo, pi lwen ke m'pat janm panse
Pat janm espere
Doudou ou fè m' vwayaje
Pi wo pi lwen kè m'pat janm panse
Pat janm espere
Amokilelele wete, amoki wete, amokile weto
Amokilelelele weto, amoki wete, amokile weto

Depi m'kote ou doudou cheri
Ou fè tout, ou fè tout san m' mache
Ou fè tout kò m'tranble
Ou fè m'anvi depale

Bon jan karès, karès
Bon jan lanmou, lanmou
Bon jan bisou, bisou
Sou po bouch ou
Ki fè m'tranble
Ki fè m'bliye, pwoblem lavi
Bon jan karès, karès
Bon jan lanmou lanmou
Bon jan bisou, sou po bouch ou

Amokilelele weto, amoki weto, amoki weto
Amokilelele weto, amoki weto, amokile weto

 

 

Alan Cavé
-------------

 
         
 
Title:
Type Lyric:
 
Use the form below to search for Konpa Lyrics in our database
 
Title of Song:
 

Boolean:

Case:  
 
 
© 1999-2022 Konpa Mix™ Radio All Lyrics belong to the respective Band/Artist All Right reserved